Byenvini Anplwaye Sendika DoubleTree by Hilton Stamford yo!
Li lè pou enskri nan benefis Plan Ospitalite ou a.

Enskri soti 4 rive 18 novanm 2026.

N ap gen asistans sou plas:

  • 11 novanm
  • 9am - 5pm
  • Charter Oak Boardroom (Sal Reyinyon)

Sou entènèt

  • Swiv lyen sa a
  • Asire w ou ouvri sesyon oswa kreye kont ou.
  • Apre sa, swiv enstriksyon yo.

Nan telefòn

  • Sèvis Kliyan
  • Advocacy Line

Sa ou bezwen:

Yon kopi sètifye Batistè pou pitit ou yo

Yon kopi sètifye Sètifika maryaj pou mari oswa madanm ou

Dènye jou pou enskri se 18 novanm 2026.

Nouvo benefis ou yo ap kòmanse 1ye janvye 2027.

Ki kèk nan prensipal diferans ki genyen ant 2 opsyon plan yo?

Plan yo sanble anpil, men depans yo diferan pou chak plan.

KO-PRIM: Ko-prim mansyèl la diferan pou chak plan. Ko-prim mansyèl ou a se kantite lajan yo retire nan chèk peman ou chak mwa Hospitality Silver Plus Plan gen yon ko-prim mansyèl ki pi ba pase Hospitality Gold Plus Plan.

Nivo Ko-prim Hospitality Silver Plus Plan Ko-prim Hospitality Gold Plus Plan
Yon moun $101.27 $125.36
Yon moun + Konjwen $215.98 $267.37
Yon moun + Pitit $168.92 $209.11
Fanmi $299.97 $371.35

KOPAGO YO: Kopago yo diferan selon plan an. Kopago ou a se sa ou peye lè ou ale kay doktè oswa lè ou resevwa swen. Anjeneral, ou peye li pandan vizit ou a. Kopago pou Hospitality Gold Plus Plan yo anjeneral pi ba pase kopago pou Hospitality Silver Plus Plan. Gen kèk nan kopago pou chak plan ki nan lis ki anba a. Ou ta dwe li tou Liv Kopago yo pou jwenn plis detay.

Sèvis Hospitality Silver Plus Plan Kopago/Frè (Nan Rezo a) Hospitality Gold Plus Plan Kopago/Frè (Nan Rezo a)
Swen Prevansyon $0 pou chak vizit $0 pou chak vizit
Vizit pou Swen Prensipal $25 pou chak vizit $20 pou chak vizit
Vizit kay Espesyalis $50 pou chak vizit $40 pou chak vizit
Vizit nan Sant Swen Ijan $50 pou chak vizit $40 pou chak vizit
Vizit nan Sal Ijans $200 pou chak vizit (yo pa fè w peye si yo entène w) $150 pou chak vizit (yo pa fè w peye si yo entène w)
Sejou Lopital 30% nan pri a apre franchiz la $250 pa jou ($750 maksimòm pou chak entène lopital)

Konbyen lajan yo ta retire nan chèk peman mwen chak mwa pou kouvèti dantè ak vizyon?

Ko-prim Dantè/Vizyon
Yon moun $6.31
Yon moun + Konjwen $14.87
Yon moun + Pitit $14.52
Fanmi $21.11

Plan dantè ki disponib pou ou a se plan Delta Dental PPO. Ou ka ale kay nenpòt dantis ou vle. Men, w ap ekonomize lajan si ou ale kay yon dantis ki nan rezo Delta Dental PPO oswa Delta Dental Premier. Mande plis enfòmasyon sou swen dantè ak swen pou vizyon pandan evènman ki pral fèt sou plas la.

Kilè ak ki kote mwen ka enskri?

Ou ka enskri an pèsòn 11 novanm (9 a.m. – 5 p.m.) nan Charter Oak Boardroom (Sal Reyinyon)!

Ki moun mwen ka ajoute kòm moun ki sou responsablite mwen?

Ou ka ajoute mari oswa madanm ou legalman oswa yon timoun ki sou responsablite ou (jiska laj 26 an).

Ki dokiman mwen bezwen pote pou enskri moun ki sou responsablite mwen yo?

E si mwen pa ka ale nan evènman enskripsyon an ki pral fèt sou plas la?

Si ou pa ka ale nan evènman an, ou ka enskri nan telefòn oswa sou entènèt jiska 18 novanm 2026.

E si mwen gen plis kesyon?

Tanpri vini nan evènman ki pral fèt sou plas la pou poze tout kesyon ou yo! Ou ka rele nou tou nan nimewo ki anwo yo.